Premye Pitit
[Refren]
Manman douvan pwoblèm ou toujou di mwen tchenbe fò
Mè ou la ka fatige kò w
Sa se pa efò w ankò
Ou pa pliye
Pa janmen kase
Ou di mwen i bon,depi i pase
Anh anh anh.....
Mè ba nou, nou ja fè ase
[Verse 1]
A 20 an Manman m fè m li pa t menm asire
Kay moun nou t ap domi pa t gen kote pou n abite
Fanmi an la sou yo l pa t menm bezwen mize
Fè bonè m se sa l te vle li lite pou n sot nan mizè
Pa t gen posiblite l t ap chache fè ti bras
Gwo djòb yo pa t fèt pou li èske paske l pa t fè gwo klas
Aprè lanmò papa m sèl sa k t rete
Pou mwen yon chanm kay men ki p at men m ka separe
Vin jwenn Samuel antre nan vi n ki vle ede n
Li fè djòb mekanik nan mizè a pou l retire n
Men m pa t gad sa gwo m brize kè Man m ak neglijans mwen
Di m tounen lekol e sèl mwayen m ka jwenn chans mwen....
[Refren]
Manman douvan pwoblèm ou toujou di mwen tchenbe fò
Mè ou la ka fatige kò w
Sa se pa efò w ankò
Ou pa pliye
Pa janmen kase
Ou di mwen i bon,depi i pase
Anh anh anh.....
Mè ba nou, nou ja fè ase
[Verse 2]
M te di l mwayen l p ap pèmèt li fè sa ankò
M te di l kite Doune ale m p ap jwenn tan pou m ranplase le tan
E pe enpot menm si devan l m konnen m antò
M te di l kite m fè rap menm si se pa sa l gen pou mwen kòm plan
Kite vilaj la pa swiv papa m si non m ap bandi
Panse m tap vin byen lavi p ap di w san w pa atann l ap aji
Fè efò mache dwat menm jan ak Stanley poum pa pèdi
Man si m pa fè w promès se paske m pè pou m pa reyisi
M pa fè anyen pou w ban m manje ou mare pen
M se premye pitit Man mwen pa itil anyen
M ta vle fè nenpot djòb sante m p ap pèmèt mwen
M kite lekòl m pa kite lavi m gen randevou ak desten
[Refren]
Manman douvan pwoblèm ou toujou di mwen tchenbe fò
Mè ou la ka fatige kò w
Sa se pa efò w ankò
Ou pa pliye
Pa janmen kase
Ou di mwen i bon,depi i pase
Anh anh anh.....
Mè ba nou, nou ja fè ase
[Verse 3]
Youn nan pigwo malè m se sou do kay m sot tonbe
Blòk tonbe sou pye m m te ka menm andikape
Aprè m vin devlope on pakèt maladi
2012 manke mouri pa t menm kob pou on terapi
M fè 2 semenn kouche M p at menm ka leve tèt mwen
Poze sansi sou pye m e tou san t ap monte nan tèt mwen
Ret kouche la manman m t ap panse pou sèkèy
Rele lot yo l p ap antere m isit men Ernst pral fèl pot dèy
Apèn antre nan lise a men m pran kabann
M te menm ofanse Bondye pou sa k rive an m p at konprann
Menm m pa t gen lot opsyon m te priye l pou l fè m gras
Ke volonte l fèt se nou chak k ap viv pou nou lanmò g pn plas
[Refren]
Manman douvan pwoblèm ou toujou di mwen tchenbe fò
Mè ou la ka fatige kò w
Sa se pa efò w ankò
Ou pa pliye
Pa janmen kase
Ou di mwen i bon,depi i pase
Anh anh anh.....
Mè ba nou, nou ja fè ase