Tande Vwa m Pt. 2

[Verse 1]
M grandi ak chwa bandi ou byen aprann fè rezistans
M ap viv nan on peyi otorite pa bay moun enpòtans
Ba n yon lapli pawòl men l pa janm pase swaf nou
Nayivte fè n vote moun ki pral kanpe anfas nou
Nou p ap fè peyi n ap fè kob ann pran konsyans lan
Kisa n te fè pou n anpeche m gang nan Delma 30 lan
Kapasite yo la men se nou k pa ede "L'union Fait La Force" sa soti nan bouch li pa soti nan kè
Yon peyi sal n ap di l spesyal m pa wè rezon poun fyè
Reyalite a se sa n ap fè sanblan n p ap viv vre
Mesye jis kounya gen djòb pote chay sou tèt
Si peyi m pa devlope se paske nou g on bann sousèt
Timoun k ap fè timoun avni 5 kòb anba pla men
Jenerasyon an jenerasyon kilè jodi p ap dеmen n
Aprè lanmò l nou te fè promès fè foto ak papa l
Men kisa n fè pou anpеche repete zak sa
Met valè sik ou vle sou kaka l ap ret kaka
Manman l toujou nan mache a pitit mizè grandi pa konn bat ba
Yo touye rèv nou opòtinite n se zam
Zetwal yo konn etenn vre m espere Tibadou tande vwa m

[Refren]
Kouran 24 sou 24 manti
Nou koz la chaje bandi
Nou pa kreye anyen pandan n te fè promès ba n manti
Paske n pa pitit moun kòb yo
Nou pa pitit moun kòb yo ki fè yo trete n tankou fatra ki nan tou rigòl yo
N ap reziste nou p ap mouri pou mil goud nou p ap souri
Mesye nèg sa yo pa kanpe avè n menm nan maladi
Paske n pa pitit moun kòb yo
Nou pa pitit moun kòb yo ki fè yo trete n tankou fatra ki nan tou rigòl yo

[Verse 2]
Men s on bann blofè k ap met bèl vès boule bon vèt
Roule bèl machin nou menm gonfle n andan on kamyonèt
Vilaj te bay Anèl ebyen Dèlma ka bay 2Senk
Si m ta mouri jèn se k ap koz anyen m p ap regrèt
Se paske m pa fòse lavi k fè m pa gentan volè
M mèt fè 10 an m ap rap nou konn sa m p ap janm milyonè
Ayiti pa w la diferan pa pou moun Hollywood
Pou m g on minimòm m pa t bzwen pitit moun kob yo
Fimen bwè kleren tout jounen m pa t wè vi m konsa
Doony pa t ap pati si n chanje sitiyasyon sa
Nèg la mèt fè gwo etid pou l viv se ak yon vye moto
Ou byen l f on ti biznis ki pa janm depase on treto
M ap rap pou sistèm nan pa chanje m
Yow m ap rap pou chak fwa menm on pate tiboudou m pa t ka manje
M ap rap pou Kokiyo aprè lapli
M ap rap pou Papouch m ap rap pou Dario m ap rap pou ti Clo ak Nesly
Menm si m riske m ap rap m fè chwa rape sa m viv
Ui M ap rap mwen p ap sispann paske Si m p ap rape m p ap viv
Yo touye rèv nou opòtinite n se zam
Zetwal yo konn etenn vre m espere tibadou tande vwa m

[Refren]
Kouran 24 sou 24 manti
Nou koz la chaje bandi
Nou pa kreye anyen pandan n te fè promès ba n manti
Paske n pa pitit moun kòb yo
Nou pa pitit moun kòb yo ki fè yo trete n tankou fatra ki nan tou rigòl yo
N ap reziste nou p ap mouri pou mil goud nou p ap souri
Mesye nèg sa yo pa kanpe avè n Menm nan maladi
Paske n pa pitit moun kòb yo
Nou pa pitit moun kòb yo ki fè yo trete n tankou fatra ki nan tou rigòl yo

Andere Künstler von