5 Metres 50

Michel Blaise

Depi m piti m tande
Dèyè chak mònn g anpil gwo mònn
Se pasyans ak kouraj k ap montre w sa
Se vre w ka konn kouri
Sa pa vle di ke w konn kache
Depi w mal pozisyone n ap detekte w
Lavi genyen revè
Sa w fè sou latè se li w wè
Menm de zye nan tèt ou souvan konn twonpe w
Gade w pase tout vi w ap fè abi, fè moun kriye
Flèch la deside jodia fò l pike w
Forè yo chaje jibye
E nou se fran chasè
Depi w mal pozisyone n ap debranche w
Se pa tout zwazo w wè k ap vole
Pou w konprann ou ka kase zèl li
(Fò w panse ak konsekans yo)
Demen lè tè a cho
Se menm zèl sa w ka bezwen pou w vole
(Fò w panse a konsekans yo)
N ap kanpe byen lwen n ap vize w, se
(Flèch nan tchou aw)
Ti blòdè se ayy, fchh flèch nan tchou aw
(Flèch nan tchou aw)
Dèyè mònn, nan twou wòch, sa pa gade m
(Flèch nan tchou aw)
Ti blòdè se ayy, fchh flèch nan tchou aw
(Flèch nan tchou aw)
Jodia pouvwa w nan men w ou panse ou ka fè e defè
(Fò w panse ak konsekans yo)
Demen lè pouvwa w fini, kwè m si w vle w pral nan kouri
(Fò w panse ak konsekans yo)
N ap kanpe byen lwen n ap vize w, se
(Flèch nan tchou aw)
Ti blòdè se ayy, fchh flèch nan tchou aw
(Flèch nan tchou aw)
Dèyè mònn, nan twou wòch, sa pa gade m
(Flèch nan tchou aw)
Ti blòdè se ayy, fchh flèch nan tchou aw
(Flèch nan tchou aw)
Flèch la ap detire
Depi w mal kanpe ou pa epanye
Nan fè nwa oubyen dèyè mònn nan...Flèch
Flèch la ap detire
Depi w mal kanpe ou pa epanye
Nan fè nwa oubyen dèyè mònn nan...Flèch
N parèt ak tout ponyèt gonfle
N pa vini pou'n voye monte
Byen ame, nou pare
Tout sòlda yo gentan abrite
Nou antre nan yon sèl misyon
Bay tout sa'k pa dwat pinisyon
Sa'k vin jwe, k vin ranse
K pa vle mache sou kondisyon
Flèch la ap detire
Depi w mal kanpe ou pa epanye
Nan fè nwa oubyen dèyè mònn nan...Flèch
Flèch la ap detire
Depi w mal kanpe ou pa epanye
Nan fè nwa oubyen dèyè mònn nan...Flèch

Wissenswertes über das Lied 5 Metres 50 von Flesh

Wer hat das Lied “5 Metres 50” von Flesh komponiert?
Das Lied “5 Metres 50” von Flesh wurde von Michel Blaise komponiert.

Beliebteste Lieder von Flesh

Andere Künstler von