De Même

Roméo Volcy

Pou tout mize'n pase
Pa panse ke m'ap ka bliye
Men-m si ou wouem' vwayaje
Se la vi m'ap chache
Nwuit kon jou m'ap priye
Pou kenbe fidelite
Se pou le'n rankontre
Pou pa gen dlo nan je

Ou konnen ke m'ap toujou la.
An verite li pap fe yon pa,
Men-m si ou pa la kem'm la li la la

Lwen nan je pre nan ke
Se pawol ki pot bone
Pou de moun k'ap viv lwen
Ki bon sa'k rele renmen
Ranpli ke ou ak pasyans
Wa va bliye tout distans
Le sa-a, nou pa gen dout
Lanmou fe tan pi kout

Tout bagay rete
De meme, de meme, de meme
Men-m ti lanmou-an
De meme, de meme, de meme
Men-m afeksyon an
De meme, de meme, de meme
Men-m choubouloute la-a-a yeah

Men-m si nou separe
San ou m'pap eksiste
Pa di'm ou vle bliye
Se ou'k fe'm respire
Ou pa bezwen prese
Yon jou na va kontre
Wa va realize
Anyen pa chanje

Beliebteste Lieder von Zin

Andere Künstler von K-pop