Vakans

Pierre Michel Théodat

Vakans rive tout moun kontan
Tout moun rele l'te le, te tan
Tout moun renmen epok vakans
Paske yo di li pote chans
Gen vakans Nwel pou nou fete
Gen vakans Pak pou'n celebre
Vakans twa mwa se pa pale
Tout moun ap voye monte
Epok vakans tout moun an jwa
Tout moun santi yo gen pouvwa
Vakans tout moun chanje koule
Tout moun bwode tout moun chelbe
Mesye y' ap ekri bel ti let
Medam yo mete yo koket
Anpil renmen ap fet pou jwet
Anpil ap rete net

Vakans se le tout moun soti
Vakans se le moun pran plezi
Vakans se le moun fe bel fet
Vakans se le moun bay payet

Vakans la rive
An nou voye monte
San n'pa gade deye
An nou mete chale
Vakans la pap rete
Se pou nou profite
Le'l ale pa kriye
L'ap pi bel lot ane

Medam yo bwode
Mesye yo chelbe
Se vakans ki rive
Pinga rete gade

An ale danse
An ale fete
Tout espri libere
Plezi a tout kote

M'anvi voye monte woo
Christmas n'ap voye monte
M'anvi voye monte woo
Vakans Pak n'ap voye monte
M'anvi voye monte woo
Summer n'ap voye monte
M'anvi voye monte woo

Vakans Nwel la rive
Woooo
An al voye monte
Woooo
Vakans Pak la rive
Woooo
An al voye monte
Vakans twa mwa se rel
Woooo
Se li k'toujou pi bel
Woooo
Fet chanpet tout kote
Woooo
Tout moun ap fete
Woooo
An ale an ale
Woooo
Se vakans ki rive
Woooo
An ale an ale
Woooo
An ale voye monte
Woooo
Vakans la pap rete
Woooo
Se pou nou profite
Woooo
Le'l ale pa kriye
Woooo
L'ap pi bel lot ane

Beliebteste Lieder von Zin

Andere Künstler von K-pop