Rara Dous

Alex Abellard, Cheyna Pierre, Eddy Saint Vil, Pierre Michel Theodat

An n ale, kanson bretèl la
Se li menm pou w mete
N pral banbile, jipon podanj la
Deja la tou pre
Koudjay pral mary
Tout moun pral fete
Monchè Pèpè

Eske chwal ou sele
Mwen pa kab rete
M anvi banbile
Woy, chwal la
Nou rive, sa k deranje nou
Fè n pa kab pale
Plezi gaye, nou tout ap danse

Nou tout ap siye pye
Kabrit boukannen, kochon ap griye
Tout moun avèk yon kwi selebride
Rara dous frappe
Tout peyizan ap banboche

Wo ho wo ho wo ho wo
Wo ho wo ho wo ho wo
Wo ho wo ho wo ho wo
Wo ho wo ho wo ho wo
Wo ho wo ho wo ho wo
Wo ho wo ho wo ho wo
Wo ho wo ho wo ho wo
Wo ho wo ho wo ho wo

Gade konpè Ti Kòk ak manzè Loremiz
Nou pral taye banda
N prale danse nan rara dous la

Gade konpè Ti Bwa an manzè Mazora
Nou pral taye banda
N prale danse nan rara dous la

Gad danse konpe Zo ake manze Freda
Nou pral taye banda
N prale danse nan rara dous la
Pou n danse rara, fok nou taye bandea
Nou pral taye banda
N prale danse nan rara dous la

Fanm lan leve depi maten
Li ret chita na kay
Nonm lan soti tout lajounen
L ale pase yon tray
Nan yon vye travay

San l pa konn deblozay ki gen lakay
Ba li zo, ba li zo, ba li zo
Ba li zo, ba li zoklo
Mesye pran gwo zoklo tande
Ba li zo, ba li zo, ba li zo
Ba li zo, ba li zoklo
Bagay sa a pa ta fet, mesye
Ba li zo, ba li zo, ba li zo
Ba li zo, ba li zoklo

Woy woy woy woy
Ba li zo, ba li zo, ba li zo
Ba li zo, ba li zoklo
Fanm lan leve depi maten

Li ret chita na kay
Nonm lan soti tout lajounen
L ale pase yon tray
Nan yon vye travay
San l pa konn deblozay ki gen lakay

Ba li zo, ba li zo, ba li zo
Ba li zo, ba li zoklo
Ba li gwo zoklo, l ap ran gwo zoklo
Ba li zo, ba li zo, ba li zo
Ba li zo, ba li zoklo
Tet chaje konkonm, konkonm berejen
Ba li zo, ba li zo, ba li zo
Ba li zo, ba li zoklo
Bagay yo pa dwat, bagay pa bon
Ba li zo, ba li zo, ba li zo
Ba li zo, ba li zoklo

Kabrit boukannen, kochon ap griye
Tout moun avèk yon kwi selebride
Rara dous frappe
Tout peyizan ap banboche

Wo ho wo ho wo ho wo
Wo ho wo ho wo ho wo
Wo ho wo ho wo ho wo
Wo ho wo ho wo ho wo
Wo ho wo ho wo ho wo
Wo ho wo ho wo ho wo
Wo ho wo ho wo ho wo
Wo ho wo ho wo ho wo

Nou pral taye banda
N prale danse nan rara dous la
Nou pral taye banda
Nou prale danse nan rara dous la
Nou pral danse rara
Nou pral taye banda
Nou pral taye banda
Nou prale danse nan rara dous la

An n al danse rara tande aswea
Nou pral danse rara netalkole tande
Nou pral taye banda
Nou prale danse nan rara dous la

Beliebteste Lieder von Zin

Andere Künstler von K-pop