Resesyon

Alex Abellard

Le monde ap pase yon move tan
Pa gen travay pa gen lajan
Men fòk nou pa lage
Pa dekouraje

Resesyon vin pi rèd, se vre
Ap bay ampil moun vye lide
Men se pou nou kenbe
Pa dezespere

Menm si tout zanmi w lage w
Menm si menaj ou kite w
Sa pwouve w yo pa te janm avè w
Menm si ou wè lavi w chanje
Menm si mizè mete pye
Toujou kenbe integrite w

Menm si tout zanmi w lage
Menm si menaj ou kite w
Sa pwouve w yo pa te janm avè w
Menm si ou wè lavi w chanje
Menm si mizè mete pye
Pa kite resesyon
Fè w pèdi pèsonalite w, woy!

Men bon ZIN
Lavi a se yon boul li ye
Kite lavi a woule woule woule woule
Bagay yo gen pou yo ranje

Men kite l woule
Kite lavi a woule woule woule woule
Bagay yo gen pou yo ranje
Bagay yo kab ranje

Kite lavi a woule woule woule woule
Kite l woule woule woule
Bagay yo gen pou yo ranje
Lavi a se yon tonbe leve

Kite lavi a woule woule woule woule
Bagay yo gen pou yo ranje
Menm si w pran kou se pou kenbe

Si w gen bon zanmi
Se kounye a ou ka wè sa
Si w gen bon fanmi
Se nan tan sa w ap konn sa

Nan resesyon sa
Kenbe pou kenbe pa moli
Nan resesyon sa

Kanpe pou konbat lavi di
Si w gen yon bebe
Nan tan sa, w ap wè si l vle w vre
Si w gen yon boubout
Se kenbe l fò pa lage l

Nan resesyon sa
Maryaj kab kraze, relasyon ka febli
Nan resesyon sa
Pa kite lanmou fini
Kite lavi a woule woule woule woule
Bagay yo gen pou yo ranje

Jodi a ou nan malè
Men demen ou kab wè klè
Kite lavi a woule woule woule woule
Bagay yo gen pou yo ranje

Jodi a ou pèdi travay
Men ou pa konn sa demen kab bay
Kite lavi a woule woule woule woule
Bagay yo gen pou yo ranje

Gras adye fòk yo ranje
Kite lavi a woule woule woule woule
Bagay yo gen pou yo ranje

Kite lavi a woule
La woule a dwat
La woule a goch
Lavi ap woule, nou menm n ap brase

Brase an wo brase an ba
Pou lite kont resesyon sa
Lavi ap woule nou menm n ap brase
Pa fatige pèsevere
Depi nou chèche nap twouve
Lavi ap woule nou menm n ap brase

Kont lavi di, n ape lite
Se lamizè n ap kraze
Lavi ap woule, nou menm n ap brase
Lavi ap woule
Ti moun ap brase
Gran moun ap brase

Kite lavi a woule woule woule woule
Bagay yo gen pou yo ranje
Y ap ranje, fò n kenbe pa lage

Lavi se bese leve
Lavi se tonbe kanpe
Lavi se monte desann
Men nou pa kab chita tann

Lavi a ape woule
Pandan nou menm n ap brase
Se pou nou pèsevere
Pou resesyon kab kraze
Bagay yo gen pou yo ranje

Beliebteste Lieder von Zin

Andere Künstler von K-pop