Kouray

Georges Alan Cave

Maten an mwen leve trap de mezanmi, m'abiye'm
Apre kont grimas mwen devan glass la m'di bouke
M'di bouke, bouke chita gade
Jounen'm k'ap pase, jan lavi'm ap defile
Sa fe lontan m'ap chache
Sou ki chimen pou m'ale
Kote map jouen'n yon ti debouche
Yon degage tande.
Sa fe lontan m'ap chache
San'm pa kon-n kote m'pwale
Soley leve l'kouche l'ale
Ki le m'a rive

Kote m'pwale, ki le m'a rive
Sa m'ap chache, yon ti degage
Kote m'pwale, ki le m'a rive
Sa m'ap chache, yon ti degage
Sa fe lontan m'ap chache
Sou ki chimen pou m'ale
Kote Mwen jwen-n yon degage
Yon demele
Sa fe lontan m'ap chache
San m'pa kon-n kote m'pwale
Soley leve, l'kouche, l'ale
Ki le m'ap delivre

Kouraj, se sa yon non-m bezwen
Dans lavi wo wo wo

Men-m si semen-n ou san dimanch
Pinga sa fe ou gen twou nan manch
Chache travay avec kouraj
Yon jou konsa ou'a monte ray
Le sa ou a site yon bel neven-n
Ou va rele ayibobo
Mesi pou manje ti moun yo

Kouraj, kouraj, kouraj
Se sa lavi mande

Menm si ou se yon malere
Lavi ap trimen
Pran Kouray
Yon manman dis pitit k'ape lonje lanmen
Pran Kouray
Degaje ou, demele ou mare ren ou sere
Pran Kouray
Pran vye panye ou al chache lavi ou
Pran Kouray

Kouraj O, kouraj O, Kouraj O
Kouraj yon jou konsa
Farinay Bone gen pou'l anvayi ke ou

Beliebteste Lieder von Zin

Andere Künstler von K-pop