Nou Tout Ansanm

Alex Abellard, Cheyna Pierre, Eddy Saint Vil, Pierre Michel Theodat

Nou tout ansanm
N ape chante lajwa
Kè nou kontan se lagete
Men fòk nou pa bliye
Ke nou pa gen sa sèlman
Pou nou fè nan lavi sa a
Solèy la leve pou li kab kouche
Jodi a bay demen plas li

Demen ap tann apre demen
Se lavi k ape mache
E nou tout dwe konnen
Nou gen yon desten
Ke n fèt pou n òganize
Nou tout ansanm
Ap mache men nan men
Fòk nou konnen
Ke n se yon pye bwa

Ki kòmanse donnen
Se sa k fè fòk nou reyisi
Fòk nou goumen ak lavi
Mare ren nou sere
Epi yon jou nou va rive
Solèy la leve pou li kab kouche
Jodi a bay demen plas li
Demen ap tann apre demen
Se lavi k ape mache

E nou tout dwe konnen
Gen yon desten
Ke n dwe fè yon jan pou n òganize

Beliebteste Lieder von Zin

Andere Künstler von K-pop