Pa Dekouraje

Alex Abellard, Cheyna Pierre, Eddy Saint Vil, Pierre Michel Theodat

Nan lavi sa a mezanmi
Fò n pa janm dekouraje
Si Jodi a sa pa mache
Demen sa kab chanje
Lavi a kab souri nou
Li kab vini pi bèl oh

Vin I bèl oh woo oh
Men, m konnen anyen pap chanje
Si n a ret gade
N pap kapab rete chita
Tann lamandisye tonbe woy

Mwen di pi bonè mezanmi
Se toujou granm maten
Mache chache
Pa dòmi san soupe
Si nou seme
Yon jou n va rekòlte
Seme n va rekòlte

Ti mal ou menm ki nan pwoblèm
Pa rete chita gade sou moun oh
Hey souke kò w hey leve pye w
Ou va chache travay
Travay ou va reyalize
Hey souke kò w hey leve pye w
Si Jodi a sa pa mache
Demen sa kab byen chanje
Hey souke kò w hey leve pye w
Pa dekouraje kenbe pa lage
Hey souke kò w hey leve pye w
Travay pou w reyalize
Seme ou w kab rekòlte Se sa
Kontinye pèsevere
Yon jou ou va rive
Ou va rive
Sa ou fè se li ou wè
Si ou chache ou va twouve

Zanmi tounou sonje
Pa janm dekouraje
Ti mal ou menm ki nan pwoblem
Pa rete chita gade sou moun oh
Hey souke kò w hey leve pye w
Ou va chache travay

Travay ou va reyalize
Hey souke kò w hey leve pye w
Si Jodi a sa pa mache
Demen sa kab byen chanje
Hey souke kò w hey leve pye w
Pa dekouraje kenbe a lage
Hey souke kò w hey leve pye w
Men m konnen anyen pap chanje
Si n pa ret gade

N pap kapab rete chita
Tann lamandisyèl tonbe woy
Mwen di pi bone mezanmi
Se toujou granm maten
Mache chache
Pa dòmi san soupe
Si nou seme
Yon jou n va rekòlte
Seme n va rekòlte

Beliebteste Lieder von Zin

Andere Künstler von K-pop