Konpa Zin

Alex Abellard, Cheyna Pierre, Eddy Saint Vil, Pierre Michel Theodat

Nou pa kab kontinye ap mache
San nou pa gen yon chimen
Ki byen trase
Se pa yon ti van yon ti move tan
Ki kab fè nou debousole
Paske nou konne depi se mizik
Non pa te janmen gen limit

Depi tan Konpa nou ap mache
Yo pran l, yo vire l tounen l
Yo rele li sa yo vle
Se nou ki pou reyoganize l
Mete li sou yon lòt direksyon
Fè tande li toupatou
Pou tout moun kab respekte li
Pa kite kò nou kaba la

Men bon konpa la

Pa kite kò nou moli la
Pa kite ko nou kaba la
Men bon konpa la
Pa kite kò nou moli
Men ki jan Konpa ZIN chita
Kenbe zigip la, an n balanse l
An n kadanse l

Kenbe zigip la voye l monte
Kenbe zigip la, an n balanse l
Voye l monte An n kadanse l
An n kadanse la
Kenbe zigip la voye l monte
Kenbe zigip la, an n balanse l

An n al danse l An n kadanse l
An n al banbile
Kenbe zigip la, voye l monte
Kenbe zigip la, an n balanse l
An n kadanse l
Kenbe zigip la voye l monte
Kenbe zigip la, an n balanse l
Ala dous li dous la
An n kadanse l
Vin danse ave m

Kenbe zigip la voye l monte
Kenbe zigip la, an n balanse l
An n al danse mizik sa a
An n kadanse l
An n al banbile la
Kenbe zigip la voye l monte
Voye l monte
Pa kite kò nou kaba la
Men bon konpa la
Pa kite kò nou moli la

Beliebteste Lieder von Zin

Andere Künstler von K-pop