Kat la bat

Alex Abellard

Jenès ou pral fini
Kounyea, ou pral rantre nan lavi
Eksperyans ou gen
Fè w fini pa wè
Sa w pa konnen pi gran pase w
E li pa janm twò ta pou aprann
Renmen ak senkant fi
Pa vle di ou matcho pou sa
File w file yon zegwi
Pa vle di ou konn koud o
Se lè ou nan pwoblèm ou va wè
Kote ou bout, ki sa pou w kwè
Pa ret chita
Chache travay
Ou gen bagay pou wè
Pa ret chita
Chache konnen
Gen bagay pou aprann
Jenès ou pral fini
Kounyea, ou pral rantre nan lavi
Eksperyans ou gen
Fè w fini pa wè
Sa w pa konnen pi gran pase w
E li pa janm twò ta pou aprann
Pa ret chita
Chache travay
Ou gen bagay pou wè
Pa ret chita
Chache konnen
Gen bagay pou aprann
Kat la bat, kat la koupe
Se mare tèt ou sere
Tout koukou klere pou je l
Fò w pa kite chans ou pase

Se aprann pou w kab konnen
Se travay pou yon moso pen
Pa ret chita tann demen
Jou ki pase pap janm tounen
Ha ha
Kat la bat, kat la koupe
Ha ha ha
Se mare tèt ou sere
Ha ha ha
Tout koukou klere pou je l
Fò w pa kite chans ou pase
Ha ha
Se aprann pou w kab konnen
Ha ha
Se travay pou yon moso pen
Ha ha ha
Pa ret chita tann demen
Jou ki pase pap janm tounen
Waya waya wa, wayaaaaaa
Travay pou aprann
Waya waya wa, wayaaaaaa
Aprann pou konnen
Waya waya wa, wayaaaaaa
Konnen pou rive
Waya waya wa, wayaaaaaa
Kat la bat, kat la koupe
Se mare tèt ou sere
Tout koukou klere pou je l
Fò w pa kite chans ou pase
Se aprann pou w kab konnen
Se travay pou yon moso pen
Pa ret chita tann demen
Jou ki pase pap janm tounen

Ha ha
Kat la bat, kat la koupe
Ha ha ha
Se mare tèt ou sere
Ha ha ha
Tout koukou klere pou je l
Fò w pa kite chans ou pase
Ha ha
Se aprann pou w kab konnen
Ha ha ha
Se travay pou yon moso pen
Ha ha ha
Pa ret chita tann demen
Jou ki pase pap janm tounen
Waya waya wa, wayaaaaaa
Ou va travay pou aprann
Waya waya wa, wayaaaaaa
Aprann pou konnen
Waya waya wa, wayaaaaaa
Konnen pou rive
Waya waya wa, wayaaaaaa

Beliebteste Lieder von Zin

Andere Künstler von K-pop