Ou Jwen Bout Mwen

Eddy Saint-Vil, Pierre Michel Thèodat

Si yo di w, m pa t janm kwè
Kwè lanmou ekziste
Se paske mwen avè w
Nou po t ko janm kwaze

Je n kontre nou pale
Kè m fete, kè m chante
Bondye voye w pou mwen
Di m kenbe w ak de men

Si yo di w, m pa t janm kwè
Kwè nan fidelite
Se paske kè m ak kè w
Pa t janm akòde

Jwe jwèt pran kou, bay kou
Sispann avèk lanmou ou
Cheri anverite
Ou fè kè m pran dife

Se premye fwa sa rive m
Se premye fwa sa pase mwen cheri
Genlè ou jwenn bout mwen
Ou jwenn bout mwen doudou

Si yo di w, m pa t janm kwè
Gen plis pase bote
Se paske n pat pale
Pou m kwè ou chaje kapasite

Tu es la plus belle au monde
La plus intelligente
Ta beauté, tes paroles
M'enivrent et me charment

Si yo di m, pa t janm kwè
Kwè nan etènite
Di yo lanmou ou tache
Mwen pap janm dekole

A genou à tes pieds
Fais-moi ton prisonnier
Ma vie entre tes mains
Jusqu' à la fin des fins

Se premye fwa sa rive m
Se premye fwa sa pase mwen cheri
Genlè ou jwenn bout mwen
Ou jwenn bout mwen doudou

Avan mwen te jwenn lanmou sa a
Mwen m pa t janm jwenn
Ni bay lanmou konsa
Avan ou, mwen t ape viv
Avè ou m gen tout rezon pou m viv

Ou konn tout mès mwen
Konn tout defo mwen
Tout sa k fè m mal, tout sa k fè m byen
Ou konn pwen fèb mwen
Ou konn pwen fò mwen
Ou konnen m byen
Pi byen pase m konn tèt mwen

Se premye fwa sa rive m
Se premye fwa sa pase mwen cheri
Genlè ou jwen bout mwen
Ou jwenn bout mwen doudou

M ap kanpe avè ou
Kote m ye la mwen byen
M ap kanpe avè ou
Pi byen pase sa pa genyen
M ap kanpe avè ou
Tout moun sezi wè mwen
M ap kanpe avè ou
Sezi wè jan ou chanje mwen
M ap kanpe avè ou

Ki di mwen, di ou
M ap kanpe avè ou
Ki di ou, di mwen tou doudou
M ap kanpe avè ou
Viv m avè ou tèlman bèl
M ap kanpe avè ou
Chak jou m di mèsi letenèl
M ap kanpe avè ou

M ap kanpe avè ou
Ou se sous enspirasyon m
M ap kanpe avè ou
Ou k imajinasyon m
M ap kanpe avè ou
M vle, n vyeyi ansanm
M ap kanpe avè ou
Pou figi n fè rid ansanm
M ap kanpe avè ou

M vle n wè pitit nou grandi ansanm
M ap kanpe avè ou
Jwe ak pitit pitit nou ansanm
M ap kanpe avè ou
Dodinen, kabicha, ansanm
M ap kanpe avè ou
Fè dènye vwayaj la ansanm

Se premye fwa sa rive m
Se premye fwa sa pase mwen cheri
Genlè ou jwenn bout mwen
Ou jwenn bout mwen doudou

Mèsi bondye
Ki fè n kontre
Nou fè yon sèl
Lanmou n pi bèl

Toi et moi pour la vie
Notre amour est infini
Je ne vis que pour toi
Et tu n'existes que pour moi

Kè nou byen akòde
Lanmou nou byen soude
Li pa ka dekole
Li la pou letènite

Beliebteste Lieder von Zin

Andere Künstler von K-pop