Pale w pale

Alex Abellard, Eddy Saint vil

Ou te di mwen, ti cheri
W ap fè m rive nan paradi
San reflechi, mwen di w wi
Kè mwen pou ou, pou tout lavi
Depi jou sa a pase
Lanmou w pou mwen vini chanje
Lè sa m reyalize
Pawòl ou pa te verite
Pale w, pale w, pale
Jouk tan kè mwen chavire
Kè mwen chavire, doudou
Chak fwa ou pale
Pale w, pale w, pale
Jouk tan kè mwen chavire
Ti mo, ti pawòl ou, chouchou, pote m ale
Pale w, pale w, pale
Jouk tan kè mwen chavire
Lè lang ou vire, doudou
Mwen dekontwole
Pale w pale w pale
Jouk tan kè mwen chavire

Kè mwen chavire e e
Ou pale jouk ou depale
Pale tout pawòl pou pale
Pawòl ki kab fè mwen reve
Ki fè m vibre
Pale pasi pala
Pale sesi sela
Nenpòt ki fi te kab panse
Pawòl se verite
Ti bwa w kase nan zòrèy mwen
Gen tan fin vire lòlòj mwen
E se konsa mwen fin pa reyalize
Se depale ou te vle fè m depale
Ou chavire m tèt anba
Ou fè mwen san pouvwa
M louvri je m byen gran
M wè m pran nan twa wa
Kounye a m ape, m ape, m ap eseye
Pa pran koutba
Wi mwen di
Mwen pa pe pran koutba

Ti bwa w kase nan zòrèy mwen
Gen tan fin vire lòlòj mwen
E se konsa mwen fin pa reyalize
Se depale ou te vle fè m depale
Haa, men bagay la
W ap fè m, depale
Dezòd
Pawòl sou pawòl
Manti sou manti
Je ne veux pas de ce fromage
Paske m konnen
W ap ban m koutba
M ap ba w koutba
No
M ap ba w koutba
Mhm mhm
M ap ba w koutba
An an
M ap ba w koutba

No no no no honey
M ap ba w koutba
An an
M ap ba w koutba
No no no way
M ap ba w koutba
No bebi
M ap ba w koutba
Mhm mhm
Pale w pale w pale
Jouk tan kè mwen chavire
Kè mwen chavire, doudou
Chak fwa ou pale
Pale w pale w pale
Jouk tan kè mwen chavire
Ti mo ti pawòl ou
Chouchou, pote m ale
Pale w pale w pale
Jouk tan kè mwen chavire
Lè lang ou vire doudou
Mwen dekontwole

Pale w pale w pale
Jouk tan kè mwen chavire
Kè mwen chavire e e

Beliebteste Lieder von Zin

Andere Künstler von K-pop